Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 9:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 — Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki sòti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l apa pou l chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.

参见章节 复制




1 Samyèl 9:16
17 交叉引用  

Alò konsa, annou fè l. Paske SENYÈ a te pale a David e te di: ‘Pa men a sèvitè Mwen an, David, Mwen va sove pèp Mwen an, Israël soti nan men a Filisten yo ak nan men a tout lènmi pa yo.’”


“Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a.


Koute lapriyè mwen, O SENYÈ! Epi kite kri sekou mwen rive bò kote Ou.


Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te tande kri yo.


Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo, e padone tout peche mwen yo.


Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.


“Konsa, Hanameel, fis a tonton m nan, te vin kote mwen nan lakou gad la selon pawòl SENYÈ a. Li te di mwen: ‘Achte chan mwen an, souple, ki Anathoth, nan peyi Benjamin an; paske ou gen dwa posede l e redanmsyon an se pou ou. Achte l pou ou menm.’ “Epi mwen te konnen ke sa se te pawòl SENYÈ a.


Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a?


Epi Saül avèk tout pèp ki te avèk li a te rasanble pou te rive kote batay la. Epi vwala, zam a chak moun te vire kont moun parèy pa yo. Te vin gen yon trè gran konfizyon.


Konsa SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.


Alò, Samuel te di a Saül: “SENYÈ a te voye mwen pou onksyone ou wa sou pèp Li a, sou Israël. Pou sa, koute pawòl a SENYÈ a.


Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”


Ou va envite Jesse pou vini nan sakrifis la. Mwen va montre ou kisa pou ou fè, e ou va onksyone pou Mwen, sila ke M montre ou a.”


跟着我们:

广告


广告