‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.
Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.
Ansyen nan Jabès yo te di a li: “Bay nou sèt jou, pou nou kapab voye mesaje yo toupatou nan teritwa Israël la. Alò, si nanpwen moun pou delivre nou, nou va sòti deyò kote ou.”