Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 6:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 N'a rete ap gade l ale. Si nou wè l pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pat sòti nan li. Se te devenn pa nou.

参见章节 复制




1 Samyèl 6:9
13 交叉引用  

Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li.


Ben-Déker nan Makats, Saalbim avèk Beth-Schémesch ak Élon avèk Beth-Hannan.


Konsa Joas, wa Israël la te monte, e li menm avèk Amatsia, wa Juda a te fè fasafas nan Beth-Schémesch, ki te pou Juda a.


Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout.


O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.


Èske twonpèt sone nan vil la, san pèp la p ap pè? Èske malè kon rive nan yon vil, san ke SENYÈ a ki fè l?


“Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.


Lizyè a te vire soti nan Baala vè lwès pou rive nan Mòn Séir, li te kontinye pou rive nan pant Mòn Jearim nan nò (sa vle di Kesalon). Li te desann nan Beth-Schémesch e li te pase nan Timnah.


epi Aïn avèk teren patiraj pa li, Jutta avèk teren patiraj pa li, Beth-Schémesch avèk teren patiraj pa li; nèf vil soti nan de tribi sila yo.


Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay.


Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la.


Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.”


跟着我们:

广告


广告