Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 31:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive lakay zidòl pa yo ak pèp yo a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bòn nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la.

参见章节 复制




1 Samyèl 31:9
7 交叉引用  

Pa pale sa nan Gath, ni pwoklame sa nan lari Askalon yo, sof fi Filisten yo ta rejwi; fi a ensikonsi yo ta egzalte,


Alò David te kouri kanpe sou Filisten an e te pran pwòp nepe pa li a, li te rale l soti nan fouwo li, li te touye li e te koupe tèt li avè l. Lè Filisten yo te wè ke ewo pa yo a te mouri, yo te sove ale.


Alò, David te pran tèt Filisten an e te mennen li Jérusalem, men li te mete zam Goliath yo nan tant lan.


Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.


Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa.


跟着我们:

广告


广告