Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 31:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò.

参见章节 复制




1 Samyèl 31:1
10 交叉引用  

O mòn a Guilboa yo, pa kite lawouze ni lapli vin tonbe sou nou, ni sou chanm ofrann yo; paske pwisan yo te tonbe, paske la, boukliye pwisan an te vin sal. Boukliye Saül te pedi lwil onksyon an.


Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li.


Alò, Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.


Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”


Alò, li te vin rive nan jou sa yo ke Filisten yo te rasanble kan lame pa yo pou fè lagè, pou goumen kont Israël. Epi Akisch te di a David: “Konnen byensi ke ou va sòti avè m nan kan an, ou menm avèk mesye pa ou yo.”


Alò, Samuel te di a Saül: “Poukisa ou twouble m e mennen m monte?” Saül te reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè.”


Anplis SENYÈ a va, osi, bay Israël ansanm avèk ou menm nan men Filisten yo. Konsa, demen ou menm avèk fis ou yo va avèk mwen. Anverite, SENYÈ a va fè bay lame Israël la nan men a Filisten yo!”


Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa.


Alò, Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la.


跟着我们:

广告


广告