Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 29:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la.

参见章节 复制




1 Samyèl 29:1
20 交叉引用  

Li te fè li wa sou Galaad, sou Gechouryen yo, sou Jizreel, sou Ephraïm ak sou Benjamin, menm sou tout Israël la.


Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a.


Men tout moun ki te rete yo te sove ale antre nan lavil Aphek e miray la te tonbe sou venn-sèt-mil òm ki te rete. Epi Ben-Hadad te sove ale pou te rive anndan vil la nan yon chanm enteryè.


Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke Naboth, Jizreyelit la te gen yon chan rezen ki te nan Jizréel akote palè Achab, wa Samarie a.


De Jézabel osi SENYÈ a te pale, e te di: “Chen yo va manje Jézabel nan distri Jizréel la.


Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la.


Pou sa, yo te retounen pou te pale li. Konsa, li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la. Li te di: ‘Nan teren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel,


Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;


wa a Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn;


Epi fis Joseph yo te reponn: “Peyi ti kolin nan pa kont pou nou e tout Kananeyen yo ki rete nan plèn nan gen cha ki fèt an fè, ni sila ki nan Beth-Schean avèk bouk pa li yo ak sila ki nan vale Jizreel la.”


Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak Sunem,


Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo.


Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan vale Jizréel la.


Epi Jerubbaal (sa vle di Gédéon) avèk tout pèp ki te avèk li a te leve granmmaten e te fè kan an kote sous Harod la. Kan Madian an te vè nò de yo menm, akote ti mòn Moreh nan vale a.


Li te mennen li devan Saül avèk sèvitè li yo e yo te manje. Apre yo te leve sòti menm nwit lan.


Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa.


Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël. Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek.


跟着我们:

广告


广告