Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 25:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Souple, padone transgresyon a sèvant ou a. Paske SENYÈ a va vrèman fè pou mèt mwen yon kay k ap dire, akoz mèt mwen ap mennen batay a SENYÈ a, emal p ap twouve bò kote ou pandan tout jou ou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Senyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Senyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou.

参见章节 复制




1 Samyèl 25:28
31 交叉引用  

Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’”


menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou.


Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”


Paske Ou menm, O SENYÈ, Bondye a Israël la, te fè yon revelasyon a sèvitè Ou a e te di: ‘Mwen va bati yon kay pou ou’. Pou sa, sèvitè Ou a te jwenn kouraj pou fè priyè sila a, a Ou menm.


Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David.


Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, sof ke ka a Urie a, Etyen an.


alò, Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’


depi jou ke M te kòmande jij yo vini sou pèp Israël Mwen an. Konsa, Mwen va soumèt tou lènmi ou yo. Anplis, Mwen di ou, ke SENYÈ a va bati yon kay pou ou.


Paske Ou menm, O Bondye mwen, te revele a sèvitè Ou a, ke Ou va bati pou li yon kay. Pou sa, sèvitè Ou a te twouve kouraj pou vin priye devan Ou.


Epi li te di: “Koute, tout Juda avèk pèp Jérusalem nan ak Wa Josaphat: konsa pale SENYÈ a a nou menm: ‘Pa pè, ni pa pèdi kouraj akoz gran foul sila a, paske batay la pa pou nou, men se pou Bondye li ye.


O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa, si gen enjistis nan men m,


Konsa, Mwen va etabli desandan li yo jis pou tout tan, e twòn li tankou jou syèl yo.


Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.


Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.


Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.”


Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.”


Epi Samuel te di li: “SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou.


epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”


Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”


Men Mwen va fè leve pou kont Mwen yon prèt fidèl ki va fèt selon sa ki nan kè M ak nan nanm Mwen. Epi Mwen va bati pou li yon kay k ap dire e li va mache toujou devan onksyon Mwen.


Alò, Achimélec te reponn wa a e te di: “Epi se kilès pami sèvitè ou yo ki fidèl tankou David, bofis menm a wa a, ki se kapitèn gad ou e onore lakay ou?


Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m.


Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w.


Pou sa, sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”


Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la.


Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an.


Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?” Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”


Alò, lè David te vini Tsiklag, li te voye nan piyaj la kote ansyen a Juda yo, a zanmi li yo, e li te di: “Gade byen, yon kado pou nou soti nan piyaj a lènmi a SENYÈ yo.”


跟着我们:

广告


广告