Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 25:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Apre sa, li lage kò l nan pye David, li di l konsa: — Tanpri, chèf mwen, ban m pèmisyon pale avè ou. Tout fòt la se pou mwen. Koute sa m'ap di ou.

参见章节 复制




1 Samyèl 25:24
15 交叉引用  

Alò, Juda te pwoche li. Li te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske ou menm jan avèk Farawon.


Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.” Li te di: “Pale”.


Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite wa a avèk twòn li an pa koupab.”


Konsa, li te pwoche li e fanm nan te di: “Èske se Joab ke ou ye?” Epi li te reponn: “Se mwen”. Alò, li te di li: “Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.”


Alò, fanm nan te antre anndan; li te tonbe nan pye li e li te bese li menm jis atè. Epi li te pran fis li, e te sòti.


Esther te pale ankò a wa a, te tonbe nan pye li, te kriye e te sipliye li pou evite mechanste Haman an, Agagit la, avèk konplo ke li te prepare kont Jwif yo.


Ak pasyans, yon chèf ka vin pèswade; se yon lang dous ki kase zo.


Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.


“Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’


Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.


Lè Abigaïl te wè David, li te kouri desann bourik li, li te tonbe atè devan David e te koube li menm jis atè.


Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo.


Souple, padone transgresyon a sèvant ou a. Paske SENYÈ a va vrèman fè pou mèt mwen yon kay k ap dire, akoz mèt mwen ap mennen batay a SENYÈ a, emal p ap twouve bò kote ou pandan tout jou ou yo.


跟着我们:

广告


广告