Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 25:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Lè Abigaïl te wè David, li te kouri desann bourik li, li te tonbe atè devan David e te koube li menm jis atè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Wè Abigayèl wè David, li kouri desann bourik li a, li lage kò l ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè.

参见章节 复制




1 Samyèl 25:23
12 交叉引用  

Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.


Alò, lè fanm a Tekoa a te pale a wa a, li te vin tonbe sou figi li e te kouche atè nèt, Li te di: “Sekou, O wa.”


Achimaats te rele e te di a wa a: “Tout bagay sòti byen.” Epi li te bese figi atè devan wa a, e li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te livre bay mesye ki te leve men kont mèt mwen an, wa a.”


Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?” Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”


Lè David te vin kote Ornan, Ornan te gade. Li te wè David e te sòti nan glasi vannen an pou te pwostène li menm devan David avèk figi li atè.


Li te vin rive ke lè fi a te vin kote li, li te konvenk li pou mande papa li pou yon chan. Konsa, fi a te desann bourik la, e Caleb te di l: “Kisa ou vle?”


Epi li te vin rive ke lè Acsa te vin kote li, ke li te konvenk li mande papa li yon chan. Li te desann bourik li, e Caleb te di: “Kisa ou vle?”


Alò, li te tonbe sou figi li e te bese ba atè. Li te di l: “Poukisa mwen jwenn favè nan zye w konsa, pou ou ta wè m, paske se yon etranje ke mwen ye?”


Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.


Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.


Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an.


Li te leve e te bese jis figi li rive atè, e te di: “Gade byen sèvant pa ou se yon sèvant ki pou ta lave pye a sèvant pa li yo.”


跟着我们:

广告


广告