Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 25:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Alò, David te di: “Anverite, se an ven ke m t ap veye tout afè ke mesye sa a te genyen nan dezè a, pou l pa manke anyen nan sa ki te pou li yo! Konsa, li te remèt mwen mal pou byen!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 David t'ap di nan kè li: — Sa m te bezwen pwoteje tou sa nonm sa a te genyen nan dezè a fè? Li pa janm pèdi anyen nan sa ki te pou li. Epi se konsa l'ap peye m pou tout byen mwen fè pou li yo?

参见章节 复制




1 Samyèl 25:21
19 交叉引用  

Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen?


Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo, yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.


Yo remèt mwen mal pou byen, jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.


Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal. Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste


Sila ki remèt mal pou byen yo se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.


Pou sila ki remèt mal pou byen an, mal la p ap janm kite lakay li.


Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.


Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.


“Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,


Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.


Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.


Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.


Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.


David te di a mesye pa li yo: “Nou chak mete nepe nou nan senti nou.” Konsa, tout moun te mete nepe yo nan senti yo. David osi te mete nepe li nan senti li e anviwon kat-sant òm te monte dèyè David pandan de-san te rete avèk pwovizyon yo.


Malgre sa, mesye yo te trete nou byen e nou pa t ensilte, ni nou pa t manke anyen tout tan ke nou te avèk yo a, pandan nou te nan chan yo.


Li te vin rive ke pandan li te toujou ap monte sou bourik li a e t ap desann nan pati mòn ki kache a, gade byen, David avèk mesye pa li yo t ap desann vin jwenn li. Konsa, li te rankontre yo.


Alò, mwen te tande ke ou genyen tay lenn mouton. Alò, bèje ou yo te avèk moun nou yo. Nou pa t ensilte yo, ni yo pa t manke anyen nan tout jou ke yo te pase Carmel yo.


跟着我们:

广告


广告