Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 25:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Kounyeya, kalkile byen sa ou wè ou ka fè, paske bagay la ka vire mal ni pou mèt nou ni pou tout fanmi l. Mari ou sitèlman gen move jan, moun pa ka pale ak li.

参见章节 复制




1 Samyèl 25:17
19 交叉引用  

Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: “Èske sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e wè ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an.”


Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.”


Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch.


Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.


Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”


Wa a nan kòlè li te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay.


Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize.


ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: ‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo),


Pandan yo t ap fete, veye byen, mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.”


Men sèten sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.


Alò, fis a Éli yo te vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a,


Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la.


Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”


Yo te yon mi pwotèj pou nou ni lannwit ni lajounen, toutotan ke nou te avèk yo pou gade mouton yo.


Alò, Abigaïl te kouri pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo.


Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo.


跟着我们:

广告


广告