Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 24:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Gade, jòdi a ou wè ak je ou ki jan Senyè a te lage ou nan men m anndan gwòt la. Gen moun ki di m se pou m te touye ou. Men, kè m fè m mal pou ou. Mwen di mwen p'ap janm leve men m sou mèt mwen, paske se Senyè a menm ki te chwazi ou pou wa.

参见章节 复制




1 Samyèl 24:10
10 交叉引用  

“Pa touche onksyone mwen yo! Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”


Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo, jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.


O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa, si gen enjistis nan men m,


si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen, oswa te piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,


Men si sa pa t rive pa eksprè nan anbiskad, men Bondye kite sa rive, alò, Mwen va chwazi yon kote pou li kapab sove ale.


Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te komèt zak ki tèlman lèd.


“‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an. Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.


Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la.


David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’?


跟着我们:

广告


广告