Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 23:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò David te konnen ke Saül t ap fè konplo mechanste kont li. Konsa, li te di a Abithar, prèt la: “Mennen efòd la isit la.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Lè David tande Sayil te fè lide vin atake l, li rele Abyata, prèt la, li di l konsa: — Pote Bwat Bondye a vini!

参见章节 复制




1 Samyèl 23:9
15 交叉引用  

Epi a Abiathar, prèt la, wa a te di: “Ale nan Anathoth, pwòp chan pa ou a. Paske ou merite mouri, men mwen p ap mete ou a lanmò nan moman sa a, pwiske ou te pote lach la devan papa m, David, epi akoz ou te aflije avèk tout sa ke papa m te aflije yo.”


‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’


Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo.


Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”


yo te vin okouran de sa a, e te sove ale nan vil Lycaonie, Lystre, ak Derbe yo, ak tout rejyon ozanviwon an.


men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò.


Pou sa, yo vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?” Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”


Alò, Saül te di a Achija: “Mennen lach Bondye a isit la.” Paske lach Bondye a te nan tan sa a avèk fis Israël yo.


Men youn nan fis Achimélec yo ki te rele Abiathar te chape sove ale pou twouve David.


Epi David te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, Sèvitè ou tande ke se sèten ke Saül ap chache vini Keïla pou detwi vil la akoz mwen menm.


Alò, li te vin rive ke lè Abiathar, fis Achimélec la, te sove ale pou rive kote David nan Keïla, li te desann avèk yon efòd nan men l.


Konsa, Saül te konvoke tout pèp la pou fè lagè, pou desann Keïla pou fè syèj sou David avèk mesye pa li yo.


David te di a Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.” Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David.


跟着我们:

广告


广告