Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 22:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Epi li te kite yo avèk wa Moab la. Yo te rete avèk li pandan tout tan ke David te nan fò a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Se konsa David mennen papa l ak manman l lakay wa Mowab la. Yo rete la pandan tout tan David te rete kache nan gwòt la.

参见章节 复制




1 Samyèl 22:4
15 交叉引用  

Lè David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di:


Li te bat Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.


Konsa, David te anndan fò a pandan lame Filisten an te Bethléem.


Konsa, kèk nan fis a Benjamin yo te vin rive nan fò a David la.


SENYÈ a te pale ak Gad, konseye David la, epi te di l:


Alò, zèv a Wa David yo, premye a jis rive nan dènye a, yo ekri nan Kwonik a Samuel yo, konseye a, nan Kwonik a Nathan yo, pwofèt la ak nan Kwonik a Gad yo, vwayan a,


Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk linstriman kòd yo, selon kòmand David la avèk Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo.


Men mwen te di: “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.”


Se nan SENYÈ a ke m kache. Kijan ou kapab di a nanm mwen: “Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;


Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, pou lè Fis a Lòm nan vini.


Epi David te kite la pou ale Mitspé nan Moab. Li te di a wa Moab la: “Souple, kite papa m avèk manman m vin rete avèk ou jiskaske mwen konnen sa ke Bondye va fè pou mwen an.”


Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.” Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth.


跟着我们:

广告


广告