Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 22:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Alò, Saül te di li: “Poukisa ou menm avèk fis a Jesse a te fè konplo kont mwen nan afè ba li pen, avèk yon nepe e konsilte avèk Bondye pou li, pou li kapab leve kont mwen e kache fè anbiskad, jan sa ye la jodi a?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Sayil mande l: — Poukisa ou mete tèt ou ansanm ak David, pitit gason Izayi a, pou nou fè konplo sou mwen? Poukisa ou ba li pwovizyon ansanm ak yon nepe? Poukisa ou pale ak Senyè a pou li? Kounyeya, men li leve dèyè m, l'ap chache okazyon pou li touye m.

参见章节 复制




1 Samyèl 22:13
5 交叉引用  

Awogan yo te fòje yon manti kont mwen. Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.


Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo.


Saül te di: “Koute koulye a, fis a Achithub la.” Epi li te reponn: “Men mwen isit la, mèt mwen.”


Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.”


跟着我们:

广告


广告