Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 17:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

45 David di sòlda Filisti a konsa: — W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou.

参见章节 复制




1 Samyèl 17:45
21 交叉引用  

Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréschja a.


Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.


Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.


SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.


Yo te pliye e yo te tonbe, men nou te leve e nou te kanpe dwat.


Delivrans se nan SENYÈ a. Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.


Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen, ni se pa nepe m k ap sove mwen.


Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.


Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!


Men Mwen konnen lè ou chita ak lè ou sòti, lè ou antre ak lè ou fè laraj kont Mwen.


paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo.


Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye.


Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.


Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”


Epi David te pale a mesye ki te kanpe akote li yo e te di: “Kisa k ap fèt pou moun ki touye Filisten sila a e ki retire wont lan soti sou Israël? Paske se ki moun Filisten ensikonsi sila a ye pou l ta ensilte lame a Bondye vivan an?”


Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”


Anplis, li te genyen pwotèj an bwonz sou janm li avèk yon lans an bwonz ki te pann antre zepòl li.


跟着我们:

广告


广告