Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 17:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

43 Sòlda Filisti a di David konsa: — Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l yo pou madichonnen David.

参见章节 复制




1 Samyèl 17:43
14 交叉引用  

Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”


Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche.


Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa chen mouri sa a ta dwe modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.”


Alò, Abner te byen fache akoz pawòl a Isch-Boscheth yo e te di: “Èske mwen se tèt yon chen ki pou Juda? Jodi a, mwen montre favè a lakay papa ou, a frè li yo, a zanmi li yo e mwen pa t livre ou nan men David. Epi malgre sa, jodi a, ou akize mwen kòm koupab nan afè fanm nan.


Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade yon chen mouri tankou mwen?”


Ben-Hadad te voye kote li e te di: “Ke dye yo ta fè m sa e menm plis, si pousyè Samarie rete kont pou ranpli men a moun ki swiv mwen yo.”


Epi Hazaël te di li: “Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta fè gwo bagay sa a?” Élisée te reponn: “SENYÈ a te montre mwen ke ou va wa sou Syrie.”


Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.


Alò, pou sa, silvouplè, vin mete yon madichon sou pèp sa a pou mwen; paske, yo twò pwisan pou mwen. Petèt mwen kapab fin bat yo, e pouse yo ale deyò peyi a. Paske mwen konnen ke sila ke ou beni an, beni, e sila ke ou modi a, modi.”


Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec.


Epi mesye nan anplasman yo te rele Jonathan avèk gason ki pote zam li yo. Yo te di: “Monte kote nou pou nou di ou yon bagay.” Epi Jonathan te di a gason zam li yo: “Vin monte dèyè m, paskeSENYÈ a fin mete yo nan men Israël.”


Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? Yon chen mouri oubyen yon grenn pis?


Pou sa, SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”


跟着我们:

广告


广告