14 David se te pi piti a. Alò, twa ki te pi gran yo te swiv Saül.
14 David te dènye pitit Izayi. Twa pi gran yo te pati ansanm ak Sayil.
SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
Epi Samuel te di a Jesse: “Èske sa yo se tout pitit ou yo?” Epi li te di: “Rete toujou pi piti a. Gade, li ap okipe mouton yo.” Alò Samuel te di a Jesse: “Voye chache li, paske nou p ap chita jiskaske li vin isit la.”
Men David te fè ale retou soti nan Saül pou okipe bann mouton papa li nan Bethléhem.