Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 15:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men Saül avèk pèp la te lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Sayil ak sòlda li yo pa te touye Agag. Yo pa te touye pi bèl mouton yo, pi bèl bèf yo, ni yo pa te touye okenn bèt ki te bon. Men yo touye tout bèt lèd yo, tout bèt mèg yo pou Bondye.

参见章节 复制




1 Samyèl 15:9
10 交叉引用  

Lè pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra.


Ben-Hadad te di li: “Vil ke papa m te pran nan men papa ou yo, mwen va remèt yo e ou va fè ri yo pou ou menm nan Damas, tankou papa m te fè nan Samarie a.” Achab te di: “Epi mwen va kite ou ale avèk akò sila a.” Konsa, li te fè yon akò avèk li e te kite li ale.


Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”


“Men pou nou menm, sèlman kenbe tèt nou apa pou pa fè bagay sa yo ki anba ve pou detwi, pou nou pa anvi yo e pran kèk bagay ki anba ve a, pou fè kay Israël la vin modi pou gwo pwoblèm vin sou li.


Lè mwen te wè nan piyaj la yon bèl manto ki sòti Schinear ak de san sik ajan, yon ba lò a pèz senkant sik, alò, mwen te anvi yo e te pran yo. Epi gade byen, yo kache nan tè anndan tant mwen an avèk ajan an anba li.”


Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di:


Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.”


Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?”


Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’”


Kòmsi ou pa t obeyi SENYÈ a, e ou pa t fè gwo kòlè Li vin tonbe sou Amalek, konsa SENYÈ a te fè ou bagay sa a nan jou sa a.


跟着我们:

广告


广告