Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 15:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Sayil reponn li: — Mwen peche, mwen pa fè sa Senyè a te ban m lòd fè. Mwen pat koute pawòl ou te di m lan. Se pè mwen te pè mesye m yo kifè m fè sa yo te vle fè a.

参见章节 复制




1 Samyèl 15:24
21 交叉引用  

Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.”


Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou.


Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.” Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.


akoz mwen te krent gwo foul la? Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo, te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?


Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.


Alò, Farawon te fè vit pou rele Moïse avèk Aaron, e li te di: “Mwen te peche kont SENYÈ a Bondye nou an, e kont nou menm.


Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi.


Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan.


Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.


Konsa, Wa Sédécias te di: “Gade byen, li nan men nou; paske wa a p ap ka fè anyen kont nou menm.”


Balaam te di a zanj SENYÈ a: “Mwen te peche, paske mwen pa t konnen ke ou te kanpe nan chemen an kont mwen. Alò, koulye a, si sa pa fè ou plezi, mwen va vire retounen.”


Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.” Men yo te reponn l: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”


Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.”


Alò li te di: “Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a.”


Men Saül avèk pèp la te lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.


Poukisa ou voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an, e bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’


Alò Saül te di: “Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”


跟着我们:

广告


广告