Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 15:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Sayil reponn li: — Anhan! Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Senyè a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rès yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye.

参见章节 复制




1 Samyèl 15:15
9 交叉引用  

Èske m te kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam? Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,


Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.


Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”


Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”


Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.” Epi li te di li: “Pale”!


Men pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal.”


Men Saül avèk pèp la te lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.


跟着我们:

广告


广告