Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 14:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

45 Men pèp la di Sayil ankò: — Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou sèmante devan Senyè vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa li fè jodi a. Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri.

参见章节 复制




1 Samyèl 14:45
22 交叉引用  

Alò, li te di: “Souple, kite wa a sonje SENYÈ a, pou vanjè san an pa kontinye detwi, sof ke sa, y ap detwi fis mwen an.” Epi li te di: “Jan SENYÈ a viv la, nanpwen menm yon grenn cheve a fis ou a k ap tonbe atè.”


Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.”


Kontwole byen, Amaria, chèf prèt la, va chèf sou nou nan tout sa ki apatyen a SENYÈ a, e Zebadia, fis Ismaël la, chèf lakay Juda a, nan tout sa ki apatyen a wa a. Osi, Levit yo va aji kòm ofisye devan nou. Aji avèk kouraj, e SENYÈ a va avèk sila ki fè sa ki jis yo.”


Pou sa, Ou te livre yo nan men a opresè yo ki te oprime yo. Men lè yo te kriye a Ou menm nan tan gwo twoub yo, Ou te tande soti nan syèl la, epi pa gran lanmou dous Ou, Ou te bay yo chèf liberatè yo, ki te delivre yo nan men a opresè yo.


Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen.


Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole.


Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.


Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te komanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri pòt lafwa a pèp etranje yo.


Tout foul la te rete an silans. Yo t ap koute Barnabas ak Paul lè yo t ap eksplike ki sign ak mirak Bondye te fè atravè yo menm pami pèp etranje yo.


Apre li te salye yo, li te kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè ministè pa li a.


Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.”


Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon,


Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.


Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.


Sila yo va fè lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.


Lame ki nan syèl yo, ki abiye an lèn fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.


Men Saül te di: “Nanpwen yon moun k ap mete a lanmò nan jou sa a; paske jodi a, SENYÈ a te acheve delivrans Israël la.”


Konsa SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.


Alò, Saül te monte kite afè kouri dèyè Filisten yo, e Filisten yo te ale kote plas pa yo a.


Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?”


跟着我们:

广告


广告