1 Samyèl 14:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen34 Saül te di: “Gaye nou menm pami pèp la e di yo: ‘Nou chak mennen bèf nou ban mwen, oswa mouton nou e touye li isit la pou manje. Pa fè peche kont SENYÈ a avèk afè manje san an.’” Konsa, tout pèp la nan nwit lan, yo chak te mennen bèf yo e te kòche li la. 参见章节1998 Haïtienne34 Apre sa, li bay lòd sa a: — Gaye kò nou nan tout pèp la. Al di pou chak moun mennen bèf yo ak mouton yo ban mwen. Se isit la n'a touye yo, se isit la n'a manje yo pou nou pa fè peche kont Senyè a, pou nou pa manje vyann yo ak tout san yo ladan yo. Jou swa sa a, chak moun mennen bèt yo te genyen, yo touye yo la. 参见章节 |