Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 12:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Samyèl di pèp la konsa: — Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Senyè a. Sèvi l ak tout kè nou.

参见章节 复制




1 Samyèl 12:20
15 交叉引用  

“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. Mwen rayi zèv a sila ki chite yo. Sa p ap tache men l sou mwen.


Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk sila ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.


A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a, e ki pa t vire vè moun ògèy yo, ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.


Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou.


Nan jou pwochen a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.”


Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.


Selon pwomès ke M te fè nou an, depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M t ap viv pami nou. ‘Pa pè anyen!’


“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou,


“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo.


Paske mwen konnen apre lanmò mwen, nou va fè zak konwonpi e vire kite chemen an ke m te kòmande nou an. Epi konsa, malè va swiv nou nan dènye jou yo, paske nou va fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, e pwovoke Li a lakòlè avèk zèv men nou.”


Pou sa, Kenbe fèm! Sonje e fè tout sa ki ekri nan liv lalwa Moïse la, pou nou pa vire akote li, ni adwat, ni agoch.


Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont.


Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”


跟着我们:

广告


广告