Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Samyèl 12:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Samyèl lapriyè Senyè a. Jou sa a, Senyè a voye loray ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Senyè a ansanm ak Samyèl.

参见章节 复制




1 Samyèl 12:18
10 交叉引用  

Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li.


Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout pèp te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.


Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an, oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.


Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e Samuel te pami sila ki te rele non Li yo. Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.


Lè Israël te wè gran pwisans ke SENYÈ a te sèvi kont Ejipsyen yo, tout Pèp la te krent SENYÈ a, e yo te kwè nan SENYÈ a ak sèvitè li a, Moïse.


Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!”


Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo.


跟着我们:

广告


广告