1 Samyèl 11:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm. 参见章节1998 Haïtienne11 Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pat mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn. 参见章节 |