Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Pyè 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Pa chache domine sou moun sa yo Bondye mete sou kont nou. Men, nou dwe yon bon egzanp pou yo.

参见章节 复制




1 Pyè 5:3
26 交叉引用  

Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,


Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo, sa yo ke Ou te rachte pou fè tribi eritaj pa Ou: Mòn Sion sila a, kote Ou te abite.


Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo.


Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a, bann mouton a eritaj Ou a, ki rete pou kont yo, nan forè. Kite yo manje nan mitan bon pa, nan Basan ak Galaad, tankou nan ansyen tan an.


Men ou menm ak fis ou yo ap ranpli pozisyon prèt pou tout bagsay ki konsène otèl la, ak andedann vwal la. Ou va fè sèvis yo. Mwen ap bay ou pozisyon prèt kon yon pozisyon donnen. Men okenn lòt ki pwoche va mete a lanmò.”


Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.


“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.


Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan.


Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak.


Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.


Se pa ke nou menm ta domine fwa pa nou, men se ouvriye nou ye ansanm avèk ou pou lajwa ou. Paske nan lafwa a, ou deja kanpe fèm.


Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus.


Paske pòsyon SENYÈ a se pèp Li a. Jacob se don eritaj Li a.


Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an.


Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.


Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan Macédoine ak nan Achaïe yo.


Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.


Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.


Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi,


Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


跟着我们:

广告


广告