Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Pyè 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Avèk èd Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vrè gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Se avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lèt sa a, pou m ka ankouraje nou, pou m fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Mwen ekri ti lèt sa a voye ban nou, se ak konkou Silas m konsidere kòm yon frè fidèl. M fè sa pou m ankouraje nou epi montre nou vrè gras Bondye a. Rete fèm nan gras sa a.

参见章节 复制




1 Pyè 5:12
24 交叉引用  

Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”


Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.


Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo.


Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.


Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a.


Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe.


Paske Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm.


Se pa ke nou menm ta domine fwa pa nou, men se ouvriye nou ye ansanm avèk ou pou lajwa ou. Paske nan lafwa a, ou deja kanpe fèm.


ke pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a.


Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay.


menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou,


Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou.


Epi avèk li Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.


Paul, Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.


Paul, Silvain ak Timothée, a legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri:


Men mwen ankouraje nou frè m yo, pou sipòte pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman.


Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—


Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.


Konsa, mwen va toujou prè pou fè nou sonje bagay sa yo, malgre nou deja konnen yo, e etabli nan verite ki deja la avèk nou an.


Nan abandone bon chemen an, yo vin egare pou swiv chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo.


Démétrius te resevwa yon bon temwen a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwen nou sou sa, epi ou konnen ke temwen nou vrè.


Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo.


跟着我们:

广告


广告