1 Pyè 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 参见章节1998 Haïtienne10 Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil10 Wi, nou pral soufri pou yon ti tan ankò. Men apre sa, Bondye ki tèlman renmen nou pral fè n patisipe nan glwa li ki p ap janm fini an pandan nou fè yon sèl ak Kris la. L ap fòme nou li menm, l ap kenbe nou fèm, l ap ban nou fòs epi l ap bati nou sou yon fondasyon ki solid. 参见章节 |