1 Pyè 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a. 参见章节1998 Haïtienne6 Se pou sa menm yo te anonse bòn nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, kounyeya yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l la. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil6 Se sa ki fè yo te tande Levanjil anvan yo mouri. Moun te kritike yo lè yo t ap viv sou latè. Men se te plan Bondye pou yo te tande Levanjil la preche pou yo te ka genyen yon lavi tou nèf granmesi Lespri Bondye a. 参见章节 |