Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Pyè 4:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Men si n ap soufri paske nou se kretyen, nou pa bezwen wont. Nou ta dwe di Bondye mèsi paske nou pote non kretyen.

参见章节 复制




1 Pyè 4:16
20 交叉引用  

Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan peyi kot lanmè yo.


Paske Senyè BONDYE a va fè M sekou. Pou sa, Mwen pa t twouble menm. Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks. Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.


“Pa pè, paske ou p ap vin wont. Pa santi ou imilye, paske ou p ap desi. Ou p ap sonje wont jenès ou ak repwòch tankou vèv. Sa va bliye nèt.


Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun. Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.


Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vlè pèswade m pou devni yon Kretyen?”


Men nou dezire tande de ou menm sa ke ou panse. Paske konsènan sèkt sa a, se byen koni pami nou menm ke yo pale kont li toupatou.”


Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.


Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.


Paske, a nou menm li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li.


Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.


Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?


Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.


Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.


Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòn yon Kreyatè Fidèl.


跟着我们:

广告


广告