Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Pyè 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon; kite li chache lapè e pouswiv li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Se pou l sispann fè sa ki mal, se pou l fè sa ki byen. Se pou l chache viv byen ak moun. Se pou l fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Kouri pou sa ki mal epi fè sa ki byen. Se pou l fè tout sa li kapab pou l viv an pè ak moun.

参见章节 复制




1 Pyè 3:11
37 交叉引用  

Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”


Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”


Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki dwat nan kè yo.


Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon. Chache lapè e fè efò pou twouve li.


Kite mal e fè sa ki bon, pou ou kab viv jis pou tout tan.


Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.


Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave; e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.


Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal.


pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.


Beni se sila yo ki fè lapè; yo va rele yo fis Bondye.


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


Paske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan.


Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò a, pou gide pye nou nan chemen lapè a.


“Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vin fis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.


Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?”


Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an.


Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun.


Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an.


Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.


Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri.


Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a.


Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an.


Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè.


Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite


Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.


Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.


Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje.


Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.


Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.


Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.


Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo, e zòrèy Li atantif a lapriyè yo; men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”


Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.


Men Jephthé te voye mesaje yo ankò vè wa a fis Ammon yo.


跟着我们:

广告


广告