Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Pyè 2:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Li pat janm fè okenn peche. Okenn manti pat janm sòti nan bouch li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 “Li pa janm peche epi li pa janm bay manti.”

参见章节 复制




1 Pyè 2:22
16 交叉引用  

Kenbe lang ou apa de sa ki mal, e lèv ou pou pa bay manti.


Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo, men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li, malgre Li pa t fè okenn vyolans, ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.


Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”


Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.” Men yo te reponn l: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”


Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.”


Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.”


Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”


Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.


konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.


Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.


Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche.


Epi manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.


跟着我们:

广告


广告