Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Pyè 2:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k'ap sèvi Bondye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Viv tankou moun ki lib, men pa kache dèyè libète a pou fè move bagay. Okontrè, viv tankou sèvitè Bondye.

参见章节 复制




1 Pyè 2:16
15 交叉引用  

“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.


“Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.


Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.


Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.


Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.


Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.


Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.


pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a.


Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.


Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen)


Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.


Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a.


k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.


Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejete sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.


跟着我们:

广告


广告