Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Pyè 1:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.” E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a levanjil la te pote ban nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Men pawòl Bondye a la pou tout tan.” Se pawòl sa a menm nou te tande a.

参见章节 复制




1 Pyè 1:25
23 交叉引用  

Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan E non Ou jis a tout jenerasyon yo.


Malgre yo peri, Ou menm va rete toujou. Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman. Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.


Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin etabli nan syèl la.


Yon vwa pale: “Rele fò.” Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?” “Tout chè se zèb, e tout bèlte li se tankou flè nan chan.


Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”


Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve.


Men li pi fasil pou syèl la avèk tè a vin disparèt pase pou yon sèl mak oubyen lèt Lalwa ta anile.


Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye.


E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.


Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a.


“Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.”


A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo.


Men nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a Bondye a, Sovè nou an,


te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an,


Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.


paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.


epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali,


Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.


Sa ki te ye depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a;


Sa ke nou te wè epi tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri.


Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.


跟着我们:

广告


广告