Wa David te konsakre sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te rache pote soti nan men a tout nasyon yo: depi nan Edom, Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo ak Amalekit yo.
Schelomith sila avèk fanmi li te gen chaj sou tout trezò a don konsakre ke Wa David avèk chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn e kòmandan lame yo te dedye.
Epi tout sa ke Samuel, konseye a, te dedye e Saül, fis a Kis la, pa Abner, fis a Ner a, pa Joab, fis a Tseruja a, tout moun ki te dedye bagay anba jerans a Schelomith lan avèk fanmi pa li.
Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.