Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Kwonik 21:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Men David pa t kab ale devan li nan Gabaon pou fè demand Bondye, paske nepe zanj SENYÈ a te bay li gwo lakrent.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Men, David pat ka ale la pou adore Senyè a, paske li te pè nepe zanj Senyè a.

参见章节 复制




1 Kwonik 21:30
16 交叉引用  

Konsa, David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?”


David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?”


David te leve zye li, e te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe antre syèl la avèk tè a, avèk nepe li rale nan men l, lonje sou Jérusalem. Konsa, David avèk ansyen yo te kouvri yo avèk twal sak e te tonbe sou figi yo.


Paske tabènak SENYÈ a, ke Moïse te fè nan dezè a ak lotèl ofrann brile a te nan wo plas Gabaon an nan lè sa a.


Konsa David te di: “Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”


Retire men Ou sou mwen e pa kite laperèz Ou fè m sezi.


Lè m sonje, mwen twouble. Chè m vin ranpli ak laperèz.


Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li. Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.


Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN


Se kilès ki konprann fòs a kòlè Ou a? Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?


Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou,


Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,


Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè, epi bay glwa a non Ou? Paske se Ou sèl ki sen. Paske tout nasyon yo va vini pou adore devan Ou. Paske zèv ladwati Ou yo, Ou gen tan revele.”


跟着我们:

广告


广告