Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Kwonik 21:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Lèfini, li bati yon lotèl pou Senyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Senyè a. Senyè a reponn li, li voye dife sòti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la.

参见章节 复制




1 Kwonik 21:26
18 交叉引用  

Alò, ou va rele non a dye pa nou an e mwen va rele non SENYÈ a, e Dye ki reponn pa dife a, se Li menm ki Bondye a.” Epi tout moun yo te reponn: “Lide sa a bon.”


Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la.


SENYÈ a te kòmande zanj lan e li te remèt nepe li nan fouwo.


Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an.


Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la.


O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen pou m kab deklare lwanj Ou.


Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. Mwen va avèk Li nan tan twoub la. Mwen va delivre li e bay li lonè.


Egzalte SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan mon sen Li an, paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!


Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.


‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’


Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.


Alò, Aaron te retounen vè Moïse nan pòtay tant asanble a, paske gwo epidemi an te vin rete.


Konsa, li te vin rive ke lè flanm nan te monte sou lotèl la vè syèl la, ke zanj SENYÈ a te monte nan flanm lotèl la. Lè Manoach avèk madanm li te wè sa, yo te tonbe atè sou figi yo.


Konsa, zanj SENYÈ a te lonje pwent baton li, ki te nan men li pou te touche vyann nan avèk pen san ledven an, epi dife te vòltije sòti nan wòch la pou te konsome vyann nan nèt ansanm avèk pen san ledven an. Epi zanj SENYÈ a te disparèt devan zye li.


跟着我们:

广告


广告