23 Chante a SENYÈ a, tout latè! Pwoklame bòn nouvèl delivrans Li jou apre jou.
23 Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
Pale glwa Li pami nasyon yo, gran mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
Chante a Li menm. Chante lwanj a Li menm. Pale tout mèvèy Li yo.
Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.
Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk verite Ou devan gran asanble a.
Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.
Marie te reponn yo: “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo. Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè!