7 nan fis a Guerschom yo, Joël, chèf la ak san-trant nan fanmi pa li yo;
7 Nan branch fanmi Gèchon an, te gen Jowèl, chèf la, ak tout fanmi l yo. Sa te fè antou santrant (130).
Alò, David te rele Tsadok ak Abiathar, prèt yo ak Levit yo, Uriel, Asaja, Joël, Schemaeja, Éliel ak Amminadab.
fis a Merari yo, Asaja, chèf la ak de-san-ven nan fanmi pa li yo;
nan fis a Élitsaphan yo, Schemaeja, chèf la ak de-san nan fanmi pa li yo;
Fis a Laedan yo: Jehiel, premye a, Zétham ak Joël, ki fè twa.