Antre koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: “Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’
Li te di li: “Mèt mwen, ou te sèmante a sèvant ou a pa SENYÈ a, Bondye ou a, ke: Anverite fis ou a, Salomon va devni wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an.”
Konsa li te di: “Ou konnen ke wayòm nan te pou mwen e ke tout Israël te sipoze ke se mwen ki t ap wa. Sepandan, wayòm nan te chavire e li te vin devni pou frè m, paske depi nan SENYÈ a, se te pou li.