Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 9:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Konsa, kisa ki rekonpans mwen an? Sa, lè m preche levanjil la, mwen kapab ofri levanjil la san frè, pou m pa sèvi tout dwa ke m gen nan levanjil la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Ki jan yo peye m atò? Tout plezi m se pou m anonse bòn nouvèl la gratis, san m pa egzije anyen nan sa yo dwe m pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bòn nouvèl la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Alò, ki salè mwen? Salè mwen se pou m ofri levanjil la gratis, san m pa itilize dwa travay sa ban mwen.

参见章节 复制




1 Korent 9:18
16 交叉引用  

“Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm.


Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye.


Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an.


Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.


Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li.


epi sila ki itilize mond lan, tankou yo pa t itilize li anpil. Paske fòm mond sa a ap disparèt.


Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite.


Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis? Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.


Men mwen pa t itilize okenn nan bagay sa yo. E mwen p ap ekri bagay sa yo pou sa kab fèt nan ka pa m nan; paske li ta pi bon pou m mouri, pase pou m kite okenn moun retire fyète m nan men m.


Paske si mwen fè sa volontèman, mwen deja gen yon rekonpans. Men si se kont volonte m, mwen vin gen yon jerans ki plase sou mwen menm.


Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus.


ni nou pa t chache glwa ki sòti nan lòm, ni nan nou menm, ni nan lòt yo, menmsi kòm apot a Kris, nou ta dwe montre otorite nou.


跟着我们:

广告


广告