Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 8:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Pase pou yon manje fè frè m tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m pa fè frè m tonbe nan peche.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Donk, si yon manje m ap manje ap lakòz frè m nan tonbe nan peche, pito m kite manje vyann nèt. Wi! Pito m kite manje vyann pou m pa koz frè m nan tonbe nan peche.

参见章节 复制




1 Korent 8:13
14 交叉引用  

Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”


men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.


Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè.


Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite.


Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.


Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.


Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.


Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.


Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis? Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.


Kilès ki vin fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.


Konsa,Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li.


跟着我们:

广告


广告