Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 7:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 epi sila ki kriye yo, tankou yo pa t kriye; sila ki rejwi yo, tankou yo pa t rejwi, e sila ki achte yo, tankou yo pa t posede anyen;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pat pou yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

30 Yon moun k ap kriye oubyen yon moun ki nan kè kontan, se pou yo pa bay sa enpòtans. Si ou achte yon bagay, ou pa bezwen fè kè w kontan paske ou vin posede l.

参见章节 复制




1 Korent 7:30
14 交叉引用  

Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman, men Bonte Li se pou tout tan. Kriye a kapab dire pou nwit lan, men kri lajwa a vin parèt nan maten.


Yon tan pou kriye e yon tan pou ri; yon tan pou fè dèy e yon tan pou danse.


Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.


Paske moun yo va rete nan Sion, nan Jérusalem. Nou p ap kriye ankò. Anverite Li va fè nou gras lè L tande vwa kriye nou. Lè L tande l, Li va reponn nou.


Lè a fin rive! Jou a prè. Pa kite moun k ap achte a rejwi, ni moun k ap vann nan soufri, paske gwo chalè a kont tout foul moun yo.


“Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.


“Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.


“Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou. “Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil.


“Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.


Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen;


epi sila ki itilize mond lan, tankou yo pa t itilize li anpil. Paske fòm mond sa a ap disparèt.


Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.”


paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”


跟着我们:

广告


广告