Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 7:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Men si nou marye, nou pa peche. E si yon vyèj marye, li pa peche. Men deja moun sa yo va gen pwoblèm nan vi sa a, e m ap eseye epagne nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Si l ta vle marye tou, li mèt. Li p'ap fè okenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fè peche pou sa. Men, moun k'ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wè sa rive yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

28 Men se pa yon peche si ou deside marye. Se pa yon peche si yon demwazèl ki pa ko janm marye deside pou l marye. Sèlman, moun ki marye ap gen pou fè fas ak traka lavi chak jou a, epi m pa ta renmen sa pou ou.

参见章节 复制




1 Korent 7:28
7 交叉引用  

Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.


Mwen kwè ke li bon nan sikonstans boulvès nan tan kounye a pou yon nonm ta rete jan li ye a.


Èske ou mare ak yon madanm? Pa chache vin lib. Èske ou lib de yon madanm? Pa chache yon madanm.


Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen;


Men mwen rele Bondye kòm temwen nanm mwen, ke se sèl pou m fè nou gras, m pa t vin Corinthe ankò.


Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.


跟着我们:

广告


广告