Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 6:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Èske nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri nou resevwa nan men Bondye k ap viv nan nou. Nou pa mèt tèt nou.

参见章节 复制




1 Korent 6:19
17 交叉引用  

Wa Israël la te reponn: “Se jan pawòl ou yo ye a, mèt mwen, O wa a. Mwen se pa w ak tout sa ke m genyen.”


Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.


Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye. Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye. Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.


ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?”


Men Li t ap pale sou tanp kò Li a.


Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L.


Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?


Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a.


Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a?


Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.


Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


跟着我们:

广告


广告