Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 5:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Se pou n lage nonm sa a nan men Satan pou kò l ka peri. Se konsa lespri l ka jwenn delivrans lè jou Senyè a va rive.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Livre nonm nan bay Satan, pou lachè a ka detwi epi pou lespri a ka sove lè Senyè a retounen.

参见章节 复制




1 Korent 5:5
23 交叉引用  

Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”


Plase yon nonm mechan sou li e kite yon akizatè kanpe sou men dwat Li.


Ou va frape li ak baton pou delivre nanm li de sejou mò yo.


Men si prèt la gade li, e veye byen, li pa gen plim blanch ladann, li pa pi fon ke po a, e l ap vin disparèt, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.


Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.


Simon, Simon, veye byen. Satan mande pèmisyon pouvannen ou tankou ble.


pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’


ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.


Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.


Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.


Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.


Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.


Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.


Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.


Pami sila yo, se Hyménée ak Alexandre, ke mwen te livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.


Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.


Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a!


Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila.


跟着我们:

广告


广告