Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 16:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Yo remoute kouray mwen, menm jan yo te remoute kouray nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Yo se gwo sous ankourajman ni pou nou ni pou mwen. Nou dwe montre apresyasyon pou kalite moun konsa.

参见章节 复制




1 Korent 16:18
14 交叉引用  

Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt, se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo, paske li rafrechi nanm a mèt li yo.


Tankou dlo frèt pou yon nanm fatige, se konsa yon bòn nouvèl ki sòti nan yon peyi lwen.


pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm.


Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout.


Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab ankouraje kè nou.


Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou.


Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. Rafrechi kè m nan Kris la.


Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.


Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.


Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.


跟着我们:

广告


广告