Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 16:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Se pou lanmou anvayi tout sa n ap fè.

参见章节 复制




1 Korent 16:14
22 交叉引用  

“Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.


Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an.


Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.


Pouswiv lanmou, men dezire ak tout kè nou, don Lespri yo, sitou don pou nou kapab pwofetize a.


Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou ministè a sen yo).


Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann.


Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite


Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an.


Men koulye a, ke Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a.


Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou.


Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè.


Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.


Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.


Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.


跟着我们:

广告


广告