Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 15:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Paske “Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l, paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Jan Bib la di a, “Bondye gen pou mete tout bagay anba kontwòl li.” Lè l di tout bagay anba kontwòl li klè Bondye pa fè pati tout bagay yo. Dayè se Bondye li menm k ap mete tout bagay anba kontwòl Kris la.

参见章节 复制




1 Korent 15:27
14 交叉引用  

Ou fè li regne sou zèv men Ou yo. Ou te mete tout bagay anba pye li:


A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.


Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


Jésus, byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye,


Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.


Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo,


Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la,


Men a kilès nan zanj yo, Li janm di: “Chita sou men dwat Mwen, jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin yon ti ban pou pye Ou”?


Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye,


e Ou mete tout bagay anba pye li.” Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li.


Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.


e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.


跟着我们:

广告


广告